Konpayi Gordon & Doner gen 12 avoka kote ke lhè ou mete eksperyans yo tout ansanm yo pote 150 an eksperyans nan zafè domaj kòporel ak pwosè nan tribinal, yo pare pou pote asistans yo nan kòz ou. Konpayi nou resevwa $200 milyon nan vèdik ak règleman.
Nan Gordon & Doner, nou reprezante pèp la, se pa moun ki gen pouvwa yo. Konpayi nou dedye tèt li pou reprezante e batay pou dwa moun ki fè aksidan. Gordon & Doner pa reprezante ni defann konpayi asirans yo.
Avoka nou yo ki gen anpil kalifikasyon anba men yo konsantre sou reprezantasyon moun ki enplike nan ka domaj kòporel ki gen rapo ak aksidan machin, aksidan kamyon, aksidan travay, ak neglijans medikal otan ke anpil lot domèn espesyalizasyon.
Kèlkeswa domaj ou sibi, avoka nou yo la pou koute, epi pou aji. Lhè ou vini jwenn nou pou èd, nou konsidere se devwa nou pou nou mache avèk ou jiskaske tout bagay fini nèt. Nan ka kote gen pwosè ki egziste ou gen posibilite pou sa fèt, nou prepare tout ka nou yo kòm si yo tout gen pou ale nan jijman. Sepandan, nou fè tout sa nou kapab pou nou rezoud keksyon yo pa filyè negosyasyon, medyasyon, e pafwa yon abit. Kwake negosye yon règleman pa toujou posib, men tan, depans sa mande, ak ensètitid ki genyen pou ta ale nan jijman fè ke sa vin posib nan anpil ka.
Nan Gordon & Doner, nou rekonèt ke lhè nou jere ka domaj kòporel ak pwosè ansanm ak pwosè nan zafè biznis yo anpil fwa sa mande sèvis yon seri de ekspè pou sipote ka nou yo. Konpayi nou travay ak ekspè ki nan domèn medikaman, neglijans medikal, rekonstriksyon aksidan, etid sou evidans syantifik, enjenyè, asirans, kontabilite, ak evalyasyon biznis. Ke se swa domaj kòporèl, aksidan kamyon ak machin ke n'ap plede, ou byen evalyasyon yon biznis, nou gen konesans ak eksperyans nou bezwen pou nou pwoteje enterè kliyan nou yo de fason efikas.
Avoka nan Gordon & Doner yo resevwa gwo akolad pwofesyonèl pou travay yo fè nan reprezante kliyan nan West Palm Beach, Martin County, Stuart, Pembroke Pines, Miami e toupatou nan Florida epi yo asosye ak avoka toupatou nan peyi Etazini. Nou balanse tan nou ak konesans nou pou ou – nou pa espere ke w'ap gen resous pou ta angaje ekspè pou vin bay temwayaj yo, alo nou fè sa pou ou. Nou sèlman touche pou depans nou fè si nou resevwa lajan domaj pou ou – pèmèt donk ke nou envesti eksperyans nou nan kòz ou an.
Si ou menm ou byen yonn nan byeneme pwòch ou yo ap soufri de domaj kelkonk ou byen y'ap fè fas a yon pwosè devan tribinal ou byen lòt aksyon legal, kontakte avoka nou yo nan 1-800-659-1159, de fason aske nou kapab evalye kòz ou a, gratis.





